Lafrans ! Remèt Ayiti Lajan dèt Endepandans la pou rekonstriksyon peyi a!
Version française ici: www.mbetv.com/restitution-de-la-dette-de-l’independance-pour-la-reconstruction-d’haiti
English version here: www.mbetv.com/restitution-of-the-independence-debt-to-finance-the-reconstruction-of-haiti
Facebook genyen lyen: www.facebook.com/group.php?gid=312154503933
Pou siyen petisyon an: www.ipetitions.com/petition/restitution_1825_reconstruction_haiti_2010
Petisyon entènasyonal sitwayen nan okazyon vizit Prezidan Franse a, Nicolas Sarkozy, nan peyi Dayiti
Vizaj malè Ayiti blayi devan lemonn antye apre tè a te fin tranble nan dat 12 janvye 2010. Fenomèn nan kite sou wout li plis pase 200.000 kadav. Apre sezisman ak kè kase, li lè li tan pou ayisyen chita pou planifye kijan ak sitou ak ki mwayen y ap itilize pou rekonstwi peyi a. Dapre premye estimasyon yo, Ayiti bezwen pou pi piti anviwon yon dizèn milya dola vèt. Kote peyi a pral jwenn lajan sa a?

Nicolas Sarkozy sou vizit li an Ayiti nan fevriye
Laprès nan gwo peyi yo pran anpil plezi e yo pa neglije raple Ayiti se yon ansyen koloni peyi Lafrans, epi premye Eta Nwa yo te janm fonde, se peyi ki pi pòv nan emisfè a, san yo pa bay okenn esplikasyon sou sa k lakoz mizè a.
Ayiti se dezyèm peyi endepandan nan kontinan Amerik la apre Etazini nan lane 1776. Men se menm Etazini sa a ki peyi ki pi byen pòtan ekonomikman sou planèt la. E Ayiti se peyi ki pi pòv nan kontinan an. Se pa paske Ayiti gen madichon dèyè l osnon paske l pa gen chans.
Apre sistèm esklavajis epi kolonyalis la fin manje peyi a jis nan zo soti lane 1492 rive lane 1803, pandan premye mwatye 19èm syèk la e jouk nan lane 1946, Lafrans te peze kou Ayiti ki te blije peye l yon makòn lajan dekwa pou kominote entènasyonal esklavajis epi kolonyalis la te ka rekonèt endepandans li a nan epòk sa a.
Lafrans, te egzije 150.000.000,00 fran lò ; men Premye Eta Nwa a te rive negosye pou peye 90 milyon. Jouk jounen Jodi-a, Peyi Dayiti pote aklè nan figi l mak kalite kout ponya sa a sou tout plan, ekonomik, sosyal e menm sou plan ekolojik. Tout istoryen rekonèt manman lajan sa a te ipoteke davans lavni pèp ayisyen an. Fò nou ajoute teyat gwo peyi enperyalis ak gwo blan rasis yo lakòz yon zile ki te pi rich, tonbe dwat dirèk nan lamizè e pa gen kapasite pou l mete ekonomi l sou pye.
Tankou Louis-Philippe Dalembert te ekri sa nan mwa janvye 2004, Lafrans vin lèd anpil lè l touche lajan dèt imoral ak malonèt sa a li fè Ayiti peye a. Konsa, jodi a, poutèt Ayiti twouve l nan kafou pou rekonstriksyon nasyonal la yon fwa ankò, li nesesè pou kesyon remèt lajan peyi a te peye pou lendepandans la, yon pawòl ki te pale nan lane 2003, tounen sou tab diskisyon yo kòm priyorite pou Repiblik Karayib la ka repran wout devlopman.
Jodi a, pase pou Ayiti al mize sou bèl pwomès gwo envestisman etranje, pase pou peyi a al fè dèt nan FMI ak Bank Mondyal, pase pou peyi a al antre nan yon lojik komèsyal peze souse kote se fè pwofi ki sèl kòk chante, kòmkwa sa te ka ede rekonstwi peyi a, li parèt klè, Ayisyen dwe egzije Lafrans remèt Ayiti lajan endepandans la, anviwon 21 milya dola ameriken dapre estimasyon ki te fèt nan lane 2004. Yon lajan Lafrans te peze kou Ayiti pou l pran ant lane 1825 ak 1946.
Pa gen dout nan sa, lajan sa a ka sèvi nan rekonstriksyon ak devlopman Ayiti. Ak lajan sa a, nasyon ayisyèn nan ka rive konstwi lekòl, lopital, lojman sosyal ki ka reziste anba sekous katastwòf natirèl tankou tranblemanntè. Ak lajan sa a, Ayiti ka gen bonjan enfrastrikti kominikasyon, wout, pon, baraj, kanal irigasyon, santral elektrik pou eneji renouvlab. Ayiti ka chita, yon fwa pou tout, pou anvizaje kouman l ap rive relanse ekonomi nasyonal la nan pèmèt lajan sikile nan men peyizan yo, pou devlope atizana, agwoendistri, endistri lokal. Sa ka bay mache nasyonal la jarèt. Konsa Ayisyen pap swete manje vant plen nan rèv je klè sèlman…
Se pou sa nou mande pou Lafrans remèt Ayiti lajan li te fòse l peye pou endepandans la – yon lajan Ayiti te komanse peye nan lane 1825. Jan nou deja di sa, Lafrans dwe Ayiti lajan sa a. Li lè pou nou jwenn kouman Lafrans ap remèt lajan sa a.
Nan tradisyon revolisyonè syèk pase yo – 18èm ak 19èm, Lafrans te toujou kouri parèt tèt li kòm peyi ki pote lamayòl nan listwa limanite! Se moman pou Lafrans bay siy li koupe fache ak karaktè kolonyalis epi esklavajis li genyen ; Istwa Lafrans gen prèv karaktè sa a.
Se lè Ayiti rive jwenn lajan sa a, yon lajan Lafrans te peze men l pran, Lafrans ap bay siy li vle ede peyi a pran destine l anmen toutbon, tankou granmoun epi tou ak diyite. Lè sa a, soufrans ap kaba nan peyi Dayiti san pitit Desalin yo p ap oblije likide istwa yon peyi ki gen anpil fyète. Se sa nap rele Jistis!!!
*****
Chè zanmi,
Ou pral jwenn pi ba a petisyon an Retou nan dèt Endepandans lan pou Rekonstriksyon an Ayiti ki pral adrese ki date 7 avril, 2010 (dat lanmò a Toussaint Louverture) atansyon nan franse Pwezidan Nicolas Sarkozy , apre vizit li an Ayiti Mèkredi, 17 Fevriye, 2010.
Tou nan figi gwo entelektyèl deja siyen petisyon an kòm:

Etienne Balibar
28 .- Stephane Douailler, pwofesè Filozofi nan Inivèsite a Pari 8
50 .- Edgar Morin (CNRS Emeritus Direktè Rechèch)
57 .- Antonia Birnbaum, Senior lecturer nan Filozofi Alman modèn ak Contemporary
59 .- Lucien Seve, filozòf, ansyen manm nan Komite Konseye Nasyonal sou etik;
62 .- Eric Alliez (pwofesè nan Filozofi Contemporary franse, Centre pou rechèch nan Filozofi Ewopeyen modèn nan Lond Inivèsite Middlesex);
98 .- Patrick Savidan, pwofesè, University of pwatye (Frans), Prezidan an Obsèvatwa an inegalite;
100 .- Tassin Etienne, pwofesè a Filozofi politik, Inivèsite Pari Diderot, Centre pou sosyoloji a sou Pratik politik ak rprezantasyon;
121 .- Jean-Christophe Goddard, pwofesè, Kowòdinatè konsorsyom nan Erasmus Europhilosophie Erasmus Mèt;
130 .- Emmanuel Renault, filozòf, professeur nan Lyon an ans & Jounal Editè Marx aktuèl;

Huguette Dagenais
240 .- Miguel Abensour, Emeritus pwofesè nan Filozofi politik nan Inivèsite Paris VII, ansyen pwezidan an kolèj Entènasyonal nan Filozofi;
268 .- Jacques Bidet, Emeritus pwofesè, Inivèsite a Paris X-Nanterre;
274 .- Antonio Negri, pwofesè a Filozofi politik ak politisyen Italyen;
276 .- Louis Sala-Molins, Emeritus pwofesè nan Filozofi politik nan Inivèsite a Pari ak Toulouse;
277 .- Jean-François Kervégan, pwofesè nan Inivèsite 1/Panthéon-Sorbonne Paris, Direktè NoSoPhi, ki se yon eleman nan “Filozofi resan” (EA 3562), manm nan Konsèy Administrasyon an (Vorstand) entènasyonal Hegel Vereinigung-a depi 2007;
278 .- Alain Renaut, pwofesè filozofi politik ak bon konpòtman nan Inivèsite a Pari sorbon ak enstiti-an d’etud Politiques de Paris, Direktè politik yo inivèsite Ewopeyen yo;
397 .- Michael Löwy, direktè rechèch nan CNRS yo;
499 .- Peter Hallward, pwofesè a Filozofi nan Inivèsite Middlesex, ak otè a baraj Inondasyon a: Ayiti, Aristide ak Politik la pou anpeche;
550 .- Ramon Grosfoguel pwofesè, Depatman Etid etnik, Inivèsite Kalifòni nan Berkeley;
588 .- Méchoulan Eric, pwofesè a Filozofi nan Inivèsite Monreyal, Entènasyonal kolèj nan Filozofi;
594 .- Houria Bouteldja, pòt pawòl mouvman an Indigenous repiblik la
Nan lane 2003, lavèy nan selebrasyon an Bisantnè Endepandans la an Ayiti, a yon demann ki te fè efè, Lè sa a, Prezidan franse, Jacques Chirac, li pran nan avantaj de diskòd entèn, te soulve yon objeksyon a irsvabilite.
Jodi a, ijans nan sitiyasyon an konnen ke Ayiti aprè tranbleman tè a nan mwa janvye nan 12, 2010, sijè sa a dwe sou tapi an.
Depi kounye a jiskaske, 7 avril 2010 ki pote anivèsè nan 207th nan lanmò a Toussaint Louverture an Fwans, nou bezwen rasanble yon nimewo siyifikatif nan siyati pou petisyon an kapab ranpli anvan otorite yo franse. Siyati w enpòtan paske li kapab fè yon diferans.
Yon fwa ou te plase pase premye ak non ou nan pati anba petisyon sa a, nou mande ou sikile rezo w la nan post ou a, mete nou nan kopi, an-mail adrès lan E: haitirenaissance@gmail.com oswa dirèkteman de ap mennen nan :
www.ipetitions.com/petition/restitution_1825_reconstruction_haiti_2010
Mèsi pou koperasyon w ak salitasyon chaleureux.
*****






Aucun commentaire
Soyez le bienvenu à laisser un commentaire.